Articles

Affichage des articles du juillet, 2019

ESKEW BON MOUN?

Image
NB : Atik sila a pa fèt pou jije ni pou degrade pèsonn, li senpleman nan enterè w pou gen yn meyè estim de pwòp tèt ou. Mèsi pou konpreyansyon w, Bon Lekti... Youn nan kesyon enpòtan wap fini pa mande tèt ou yon moman nan lavi w ; se ka pandan yon enpas kilpabilite, kiryozite w nan moman je w te tonbe sou tit lan, aprè yon diskisyon oswa yn dezakò ak yon zanmi osinon yon fanmi. Men èske w konnen timidite w ak entimite sosyal ou pèmèt ou rete san repons ak kesyon sila a? Malgre swaf repons ou, lap toujou pi fasil pou antouraj ou reponn pou ou. Osinon sa rive deja pou gen enpresyon w poko moun ou vle ye a? Ou ta anvi progrese tip moun ou ye a. Sa ki pa di w se yon move moun men ou jis ta renmen santi w miyò ak oumenm epi ak lòt moun. Ou swete libere bonte ou gen lakay ou epi rann yon maksimòm moun alèz an prezans ou. Ou vle vinn yon bon moun. Men kisa ki ka fè de ou yon moun miyò? Eske se diferans ou? Enfliyans ou? Oswa jantiyès ou? Mete w alèz epi kite ( Aprann De OU ) pran 5Mi