Articles

Affichage des articles du décembre, 2019

ÈSKE W ONÈT ?

Image
NB : Atik sila a pa fèt pou jije ni pou degrade pèsonn, li jis nan enterè w pou gen yn estim de pwòp tèt ou. Mèsi pou konpreyansyon w, Bon Lekti… Onètete se yon bagay anpil moun pale de li, sa vin koz gen moun ki pranl nan fason pa yo menm jan genyen sila yo ki  inyorel. Si yo poze nou kesyon pou mande kiyès ki onèt, konbyen moun ki ap di wi? Konbyen lòt kap fè tankou yo pa tande pou evite sijè a? konbyen nan nou ki onèt menm ak pwòp tèt li? Gen moun ki toujou ap fè efò pou yo rete onèt, menm jan gen lòt pou yo sa twò difisil.  Atik sila ap ede w wè pi klè sou kesyon onètete a epi montre w kòman onètete oswa malonètete ka afekte oumenm kou antouraj ou. KISA KI ONÈTETE A? Onètete se yon valè moral ou bay tèt ou pou yn pèsonalite miyò. Onètete defini tankou sa ki verite, ki sensè epi ki pap twonpe. Sa dekri yon moun ki gen yon sèl pawòl. Onètete se pa sèlman laverite ak senserite men se entegrite tou. Yon moun ki onèt, vinn otantik e transparan. Li se yon valè de baz pou tout