Articles

Affichage des articles du juin, 2019

KISAK YON ZANMI?

Image
M ap kòmanse pou m di mèsi ak tout moun ki te kòmante spesyalman sak te pote remak sou premye atik la. Mwen apresye sa anpil. Tankou tit lan dekri'l Aprann De OU ap prete 5MinitLekti nan tan w chak semen pou l gide w pozitivman. Tout moun gen yon ide ase konvenkan de kilès yo ye. Si w poko, mwen envite w al fe konesans ak ( KIYES OU YE? ) . Men kilès ki konn Kiyès mwen ye? S èjousi, teknoloji ak entènet bann posiblite poun gen plizyè santèn menm milye zanmi sou rezo sosyo ki senpleman konsiste nan ajoute yo nan lis kontak ou. Epi lè w chwazi kanpe zanmitay ou ak yon moun ou jis kontante w pou efase oswa bloke non l nan lis sila a. Sepandan nou evolye nan yon jenerasyon trajik ak yon tris reyalite: veritab zanmitay yo ale kite n. Malgre entènet pemet nou gen plis kontak sou telefòn nou oswa sou kont sosyo nou yo men li diminye anpil nan chans pou n gen yon bon relasyon zanmitay. Ou vinn ap viv nan ipokrizi ak tèt ou Nou dakò pou n di gen yon bon zanmi oswa yon bon zanmitay

KIYES OU YE?

Image
NB : Atik sila a pa fèt pou jije ni pou degrade pèsonn, li jis nan enterè w pou gen yn estim de pwòp tèt ou. Mèsi pou konpreyansyon w, Bon Lekti… Youn nan kesyon fondamantal prèske tout moun reponn deja ; se ka te nan lekòl ou, yon ranka, yon reyinyon pou travay oswa sosyal. Men èske w konnen kesyon sa pa reponn sèlman nan bay non w, kote w soti epi laj ou??? Si w te reponn konsa deja, ou te jis imite yon repons ki ase kouran. Men èske w reponn tèt ou kesyon sila a? Si w fèl deja se byen men si w poko. Kite m montre w koman pou rive jwenn repons ak sa pandan w ap dekouvri youn nan metòd kap ede w klase vi w epi pèmèt ou gen de reyaksyon pozitif sou avni w demen. Konnen KIYES OU YE se yon efò konsyan e volontè, pou w fèl sa mande pou w gen yn entansyon ak yn bi. Si w pa janm fèl, sa ap fini pa parèt yon jou ou yn lòt tankou yn fristrasyon ke w abandone ki te nan kè w san w pa knnen. Ou ka chwazi vi w avèk li, inyore l oswa kòmanse konn KIYES OU YE depi jodi a. 1- Aprann konne