ESKEW BON MOUN?

NB : Atik sila a pa fèt pou jije ni pou degrade pèsonn, li senpleman nan enterè w pou gen yn meyè estim de pwòp tèt ou. Mèsi pou konpreyansyon w, Bon Lekti...

Youn nan kesyon enpòtan wap fini pa mande tèt ou yon moman nan lavi w; se ka pandan yon enpas kilpabilite, kiryozite w nan moman je w te tonbe sou tit lan, aprè yon diskisyon oswa yn dezakò ak yon zanmi osinon yon fanmi. Men èske w konnen timidite w ak entimite sosyal ou pèmèt ou rete san repons ak kesyon sila a? Malgre swaf repons ou, lap toujou pi fasil pou antouraj ou reponn pou ou.
Osinon sa rive deja pou gen enpresyon w poko moun ou vle ye a?
Ou ta anvi progrese tip moun ou ye a. Sa ki pa di w se yon move moun men ou jis ta renmen santi w miyò ak oumenm epi ak lòt moun. Ou swete libere bonte ou gen lakay ou epi rann yon maksimòm moun alèz an prezans ou.
Ou vle vinn yon bon moun. Men kisa ki ka fè de ou yon moun miyò?
Eske se diferans ou? Enfliyans ou? Oswa jantiyès ou?
Mete w alèz epi kite (Aprann De OU) pran 5MinitLekti nan tan w pandan lap montre w kèk prensip kap pèmèt ou amelyore moun ou ye a.
1. Atitid
Pou kòmanse, tout sa depann de ou. Ou gen chwa pou atitid ou.
Vinn yon bon moun mande yon atitid sengilye. Pou sa ou dwe konn pwòp definisyon w, etik ou. Konn kiyes ou ye epi kisaw vle ak lavi w. Ki aspè ou vle lòt moun gen de ou pou lè w pa la? Kisa w ta renmen yo di de ou?
Jeneralman lè w pral yon kote, ou toujou chèche konn 2 bagay; kibò kote sa ye? Epi ki wout pou fè? Se menm jan si w vle amelyore moun ou ye a fòk ou kapab idantifye move atitid ou yo epi konn koman w pral koupe pon ak yo.
Malgre sa w ap toujou jwenn yon konesans, yon zanmi oswa yon fanmi trouve w pa afiche yon bon konpotman alòs tande remak li yo, reflechi sou yo epi modifye atitid ou si nesesè. 

2. Desizyon
Amelyore moun ou ye a dwe avan tou yon desizyon. Lavi w se yon ansanm desizyon volontè epi envolontè. Soti depi nan ti desizyon ki parèt san enpòtans lè w gad sou aparans jouk rive sou sila ki gen pou dirije vi w. Chak chemen ou antreprann nan vi w ap mennen w fas a yon nouvo desizyon. Kèk chwa ka vinn chanje tout bagay e desizyon w yo depann de chak moman jiska dènye bout lavi w. Kidonk wap toujou gen chwa devan w. Men se desizyon w fas a yo menm kap pèmèt ou amelyore moun ou ye a.
3. Aksyon
Vinn yon bon moun se vire do bay gen kèk vye konpòtman tankou denigre, kritike, bay manti, vòl… Men èske sila sifi tout bon vre?
Menm si nan evite pou atriste lòt moun ak konpòtman negatif sa yo, ou fè premye pa a. Men vinn yon bon moun mande pi plis toujou. Egzanp; Pa fè moun sa w pap vle yo fè w, men jis fè yo sa w ap aksepte yo fè w tou.
Evite move konpòtman pa sifi. Ou pa dwe kontante w nan pa fè mal selman fòk ou fè byen an tou.
Ede lòt moun santi yo bien. Ofri yo sipò w, kontantman w. Yon sipò pa oblije finansye. Sa kapab tou nan pase tan ak moun ki bezwen sipò.

4. Rezon
Klase an katriyem nan yon lis senk poutan san limenm, tout lòt yo(Atitid, Desizyon/Aksyon/Rezilta) tap san valè. Jis pou baw yon ide sou enpòtans li, pa sèlman nan amelyore vi w men nan tout sa w gen pou reyalize.
Li se kòd moral ou bay tèt ou pou objektif. Wòl li se pèmèt ou pran youn oswa plizyè desizyon epi aji an konsekans de li/yo.
Nan ka pa w la fòk ou an mezi pou konn pou ki rezon ou vle vinn yon moun miyò. Osinon poze tèt ou kesyon an epi eseye reponn.
5.Rezilta
Vinn yon bon moun pa rezime non plis nan volonte w nan fè sa ki byen, li enpòtan tou pou w verifye ak ki rezilta divès aksyon w yo abouti. Ou sipoze chanje aksyon w si ou pa ta satisfè de rezilta w jwenn yo.
Eske grenn moun oswa gwoup moun ou te ede a santi li/yo miyò aprè ou te finn ofri èd ou? Eske li/yo repran konfyans nan li?/yo?
Eske w montre li/yo yon nouvo chemin? Eske w vrèman rebali/yo espwa pou kontinye oswa pou rekòmanse?
Eske w fè li/yo rann ni kont de gwosè potansyèl li/yo posede e sitou kantite valè li/yo kapab eksplwate?

EskeW Bon Moun?Se tout yon ansanm de aksyon, konpòtman ak lòt anko ou ekspoze nan antouraj ou.
Ebyen se te kèk prensik si w aplike kap ede w amelyore moun ou ye jodi a.
Eske atik sila a te itil ou? Mwen envite w reponn mwen nan espas komantè a
Epi patajel ak antouraj ou… Mèsi

Randevou Lòt Semèn Pou Yon Nouvo Atik. Se te #5MinitLekti...

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Aprann_De_Ou se yon blòg an kreyòl ki la pou baw yon nouvo aspè de lavi w pandan lap pibliye yon nouvo atik chak semèn. Ou ka toujou pataje lide w ak nou nan espas komantè a, Mèsi...#5MinitLekti #ADO

Atik ki plis li yo

KISAK YON ZANMI?

KIYES OU YE?

ÈSKE W ONÈT ?