ÈSKE W ONÈT ?

NB : Atik sila a pa fèt pou jije ni pou degrade pèsonn, li jis nan enterè w pou gen yn estim de pwòp tèt ou. Mèsi pou konpreyansyon w, Bon Lekti…

Onètete se yon bagay anpil moun pale de li, sa vin koz gen moun ki pranl nan fason pa yo menm jan genyen sila yo ki  inyorel. Si yo poze nou kesyon pou mande kiyès ki onèt, konbyen moun ki ap di wi? Konbyen lòt kap fè tankou yo pa tande pou evite sijè a? konbyen nan nou ki onèt menm ak pwòp tèt li? Gen moun ki toujou ap fè efò pou yo rete onèt, menm jan gen lòt pou yo sa twò difisil.  Atik sila ap ede w wè pi klè sou kesyon onètete a epi montre w kòman onètete oswa malonètete ka afekte oumenm kou antouraj ou.

KISA KI ONÈTETE A?
Onètete se yon valè moral ou bay tèt ou pou yn pèsonalite miyò. Onètete defini tankou sa ki verite, ki sensè epi ki pap twonpe. Sa dekri yon moun ki gen yon sèl pawòl. Onètete se pa sèlman laverite ak senserite men se entegrite tou. Yon moun ki onèt, vinn otantik e transparan. Li se yon valè de baz pou tout moun, li pèmèt trankilite nanm ou. Onètete se youn nan pi gwo valè moun te ka posede, li ba w yn pi bon estim de tèt ou e li ede w genyen konfyans antouraj ou.

KILÈ YON MOUN ONÈT?
Yon moun ki onèt renmen laverite ak jistis, lap klè nan pawòl kou aksyon l yo. Yon moun ki onèt pap twonpe lòt moun pa yon jès, pa yon silans, oubyen di yon pati laverite, li pap fè yon moun kwè yon bagay ki pa vre nenpòt fason an.

SAK FÈ LI DIFISIL POU YON MOUN ONÈT?
Tankou Platon te di "Nanpwen moun paka jwenn plis rayiman pase sila kap di verite". Alèkile li difisil pou yon moun onèt. Nou priyorize manti ak ilizyon sou verite. San bliye ipokrizi epòk modèn sila  ba nou, egzanp: Moun vin renmen pwòp tèt yo, renmen lajan elatriye. Lè gen kriz ekonomik oswa lè li difisil pou moun jwenn travay, gen anpil moun ki pa gen pwoblèm fè move zafè, fè bagay  ki malonèt. Tandans sa telman fin gaye, li anpil sila yo ki panse sèl fason pou yo jwenn sa yo bezwen se lè yo pa onèt. Sa konn rive genyen ki menm konn pèdi repitasyon yo nan chèche jwenn avantaj nan move kondisyon. Lè yon moun kite bagay materyèl mond sa enpresyonel, lap kouri dèyè gwo richès, dyaman, li pi fasil poul tonbe nan bagay ki pa onèt e lap difisil pou li reziste. Menm jan lè nap respire a gaye tout kote, se konsa tou gen moun tout kote sou tè a ki malonèt, yo fè tout vye bagay kom bay manti, vòlè... Yap mache vante tèt yo pou zak malonèt yo fè, kidonk nan yon anviwònman konsa, nou konn rive nan yon sitiyasyon ki fè li difisil pou nou rete onèt.

DIVÈS AKSYON MALONÈT
Lè yon moun pran sak pa pou li nan yon magazen oubyen nan  kominote a san pèmisyon se vòlè. Fè kopi yon mizik, foto, oswa tèks ekri san pèmisyon pwopriyetè dwa otè a se bagay malonèt. Pran plis pase kantite yo ba nou nan tout bagay, menm jan tou bay mwens pase sa nou dwe bay. Pran avantaj sou yon moun pou sa li di, pare pèlen pou vwazen nou, tire pwofi de yon moun se fòm malonètete. Moun itilize plizyè kalite eskiz lè yo pa onèt, yo bay manti pou pwoteje tèt yo ak pou fè moun panse byen de yo. Genyen ki eskize tèt yo lè yo vòlè yon bagay, an pansan yo merite sa yo pran an oswa yo bezwen l plis pase moun ki posedel la. Eskiz sa yo ak anpil lòt ankò se sa yo bay pou rezon pou malonètete yo. 

OU KA ONÈT
Kijan w ka rive onèt ?
Pou w onèt, ou dwe egzamine lavi w esitou pran konsyans de tèt ou. Si gen gen sikonstans kote ou fè menm yon aksyon malonèt, eseye repanti pou yo menm moman.

Lè w onèt totalman, moun paka konwonp ou. Ou fidèl ak konfyans yo gen nan ou, ak akò ou fè, oswa nan alyans ou, menm si sa ta koute w lajan, zanmi oswa lavi w. Lè sa a, ou ka fè fas avèk tèt ou, ak lòt moun san wont je. Se pou chak moun viv yon fason karaktè li sipòte konsyans li, epi pou li sanble ak yon liv ki ouvè, pou nou pa gen okenn remò ni okenn wonte.

Ou dwe onèt avèk tèt ou, avèk lòt moun e avèk tout antouraj ou. Rete onèt vle di pa bay manti, ni vòlè, ni triche, oubyen twonpe moun nan nenpòt  fason an. Lè ou onèt, ou bati fòs karaktè w. Rete onèt ap ogmante posiblite fiti w ak kapafite pou w resevwa rekonesans. Pou tout sa rive fòk ou aprann kontante ak sa ou genyen, epi evite tout tandans tantasyon.


ADO ap profite pou l eskize l pou absans li pandan tout mwa sa yo epi enfòme w li konte ogmante  devouman l ak sèvis li pou l pi pre w toujou. Apati janvye 2020 ADO ap prezan sou tout aplikasyon sosyal ki plis itilize yo(facebook, instagram, twitter, youtube, ...). ADO vle la pou ou alòs eseye la pou li tou.
AprannDeOU swete nou tout yon bon lane 2020. Mèsi
Se Te 5MinitLekti.

Commentaires

Atik ki plis li yo

KISAK YON ZANMI?

KIYES OU YE?

ESKEW BON MOUN?