KISAK YON ZANMI?


M ap kòmanse pou m di mèsi ak tout moun ki te kòmante spesyalman sak te pote remak sou premye atik la. Mwen apresye sa anpil. Tankou tit lan dekri'l Aprann De OU ap prete 5MinitLekti nan tan w chak semen pou l gide w pozitivman.
Tout moun gen yon ide ase konvenkan de kilès yo ye. Si w poko, mwen envite w al fe konesans ak (KIYES OU YE?) . Men kilès ki konn Kiyès mwen ye?

Sèjousi, teknoloji ak entènet bann posiblite poun gen plizyè santèn menm milye zanmi sou rezo sosyo ki senpleman konsiste nan ajoute yo nan lis kontak ou. Epi lè w chwazi kanpe zanmitay ou ak yon moun ou jis kontante w pou efase oswa bloke non l nan lis sila a.
Sepandan nou evolye nan yon jenerasyon trajik ak yon tris reyalite: veritab zanmitay yo ale kite n. Malgre entènet pemet nou gen plis kontak sou telefòn nou oswa sou kont sosyo nou yo men li diminye anpil nan chans pou n gen yon bon relasyon zanmitay. Ou vinn ap viv nan ipokrizi ak tèt ou
Nou dakò pou n di gen yon bon zanmi oswa yon bon zanmitay pi enpòtan olye pou w ap klike toutan sou yon nouvo kontak anliy. Men eskè w konn kisak yon zanmi? Koman w ka vinn yon bon zanmi?  epi kisa w ka fè pou w jere yon zanmitay?
                                    
Si w konnen, pataje konesans ou avèm nan kòmantè a otreman konsidere kèk konsèy kap ede w konn kalite moun pou ta renmen pou zanmi w pandan wap prete m 5MinitLekti nan tan w pou m di w KISAK YON ZANMI?

Yon zanmi se yon moun ou pataje yon senpati dirab san atirans fizik. An patikilye yon moun vinn zanmi w nan dekouvèt pwen komen li gen ak ou. Plis pwen komen sa yo reprezante yon enpòtans pou nou de, se plis chans pou w gen yon bon zanmi. Li souvan enplike nan pataj valè moral komen nou yo.
Pèsonn pa sen. Pèsonn pa idantik. Chak moun posede pwòp defo epi kalite li, kelkeswa laj ou, nivo entèlektyèl ou oswa depandans sosyal ou, mwen pa epanye. Sa pap anpeche w kwaze yon bon zanmi sou wout ou san w pa atann. Jwenn yon bon zanmi pa fasil, se pa kòm si wap wè l make sou fontenn yon moun. Sepandan li posib pou rekonèt yon bon zanmi sou kantite eksperyans li travèse avè w, nan rekonfò li t ofri w moralman, nan kouraj li oswa finansman. Yon bon zanmi ap toujou enterese avè w. Sa tou natirèl men yon bon zanmi konsyan kel genyen w kòm yon responsablite, lap toujou sousye l de ou. Byensi yon angajman konsa pap dwe sans inik epil mande efò ak sakrifis.
Yon zanmitay se yon afeksyon resipwòk, yon atachman ki devlope ant de oswa plizyè moun ki pa soti nan menm fanmi. Konsa tou li ka vinn yon afektasyon pou vi'w. Gen yon bon zanmi se yon benediksyon, yon eksperyans delika, se tout yon istwa rampli emosyon, bon ak move empas, kè kontan, tristès, fache, diskisyon, konfyans ak konfidans. kontre a ka tout yon dezas. Ou pa dwe janm kite yon zanmi oswa yon lis zanmi chanje w negativman. Yon detay pou pa janm bliye: Tout sa ki spesyal, inik.
Pa janm chèche vinn yon moun ki pa oumenm jis pou fè yon lòt plezi. Wap jis vinn yon modèl nan yon sistèm ipokrit ki swadizan rele Evolisyon. Rete oumenm, pa kite enpak negatif yon zanmi oswa antouraj ou fè w panse ou manke, ou fèb oswa ou pa bon. Egzanp: Yon zanmi kap pase tan'l ap di si w pèse wap fre wi, si w fè tattoo wap pi resan oui oswa gen tel program tel kote. Fòk ou ase entelijan pou w konn yon bon zanmi pap janm enfliyanse w nan yon bagay ki pap itil ou.
Yon zanmitay pap janm grandi si pa gen echanj regilye. Sa nou rele zen oswa tripotay pa bò isit. Ti pale sou enterè komen nou yo. Tande sa l gen pou di epi respekte lide l. Pa ezite felisite l nan reyisit li, ankouraje l avanse nan moman dout ak feblès li.
Sepandan ou dwe pou w kanpe anfas li lè l vle fè yon bagay de negatif.
Ou pa dwe atann ou twop de yon zanmi. Plis wap alèz ak yon moun plis wap remake defo'l yo. Pa gen zanmi ki pafè, mwen an premye. Men ou pa dwe atann pefèksyon kay yon zanmi w. Alos ann sèlman eseye apresye kalite l yo menm jan nan indijans lè'l f yon erè.

KISAK YON ZANMI? se yon alye, yon fre, yon patnè, yon BFF, yon moun ou ka mize sou li kèlkeswa sitiyasyon w.
Ebyen se te kèk ti detay kap pèmèt ou idantifye kiyès ki zanmi w, kiyès ki bon zanmi w ak kiyès ki pa zanmi w nan long lis ou posede deye telefòn ou an oswa sou rezo sosyo yo.
Eske atik sila a te itil ou? Aprezan konbyen bon zanmi ou ret nan vi w? Kombyen bon zanmi ou te inyore nan vi w? Pa ezite reponn mwen nan espas kòmantè a.
Epi pataje ak long lis kontak nou, mèsi...
Otreman nou tout konnen'm deja, ou ka poko konsyan de sa w li a.Mwen se oumenm. Mwen se yon moso nan moun ou we chak lè'w kanpe devan yn miwa. Mwen se rezilta tout chanjman pozitif 5MinitLekti ka pote nan lavi w. 

Randevou Lòt Semèn Pou Yon Nouvo Atik.
Se te #5MinitLekti...

Commentaires

  1. Li pran'm plis ke 5minit poum li atik Sila men li trè instriktif nan lide Pou nou kwape ipokrizi Kap renye nan mitan nou jounen Jodi a.kontinye travay la!!!!

    RépondreSupprimer
  2. De jou an jou piti sa ap fem kon plus bgay se pas laj ki f moun mature men se panse w sinsèrement u gen anpil talan et mw felisitew pou gwo travail sa wap f pou jenès parey u yo💯💯💯💯💯💯💯💯💯💯

    RépondreSupprimer
  3. Felisitasyon se yon bèl atik. M aprann anpil e m reyalize anpil tou. M pap neglije met konsèy yo an pratik e pataje yo ak antouraj mwen.

    PVanessa.

    RépondreSupprimer
  4. Felisitasyon se yon bèl atik. M aprann anpil e m reyalize anpil tou. M pap neglije met konsèy yo an pratik e pataje yo ak antouraj mwen.

    PVanessa.

    RépondreSupprimer
  5. Atik la enteresan anpil ! Mèsi pou pataj la.

    RépondreSupprimer
  6. Félicitation mec... Depi Saint Martial pase Rene Descartes mpat janm doute de kapasitew e jis kounya ou pa sispann epate moun...
    Yon bon zanmi konn plis ke on zanmi. Nou leve nou jwenn grann nou ap di sa e menm nos aïeux les plus lointain... Parole nan bouch granmoun se lô e nan moman sa menm wap jwenn temwanyaj su dicton sa yo mouri kite pou nou... Se pousa mpap ka dako on moun kote ke se leuw en ligne u pran nouvel li puw dil se zanmiw... Tekjoloji an avanse men la plipa nan nou mal itilizel kote yo redui anpil moun kom simple pastan e yap rele yo zanmi...
    Mpavle comment mw an pi long ke sa map kitew su on denye felisitasyon e map tann lot kap vini yo ak enpasyans... Kenbe la bro

    RépondreSupprimer
  7. M'en felisitew pou atik la, li enstriktif anpil, mesi dèske ou pataje l avem... M swete wap toujou jwenn anpil bel konsey konsa pou ede jèn yo. Pou kote pam, pou w gen yon bon amitye fok li baze sou konpreyansyon, franchiz, pou youn sipòte lot nan bon kom nan move moman e sitou youn ede lot avanse pozitivman. Si moun nan se zanmiw tout bon fok li gen kouraj diw le ou nan yon move chemen e edew repran bon chemen an... Yon bon zanmi pa sipoze antrenew nan sa ki mal....Bravo kenbe la, map tann lot atik la

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Aprann_De_Ou se yon blòg an kreyòl ki la pou baw yon nouvo aspè de lavi w pandan lap pibliye yon nouvo atik chak semèn. Ou ka toujou pataje lide w ak nou nan espas komantè a, Mèsi...#5MinitLekti #ADO

Atik ki plis li yo

KIYES OU YE?

ESKEW BON MOUN?

ÈSKE W ONÈT ?