KIYES OU YE?

NB : Atik sila a pa fèt pou jije ni pou degrade pèsonn, li jis nan enterè w pou gen yn estim de pwòp tèt ou. Mèsi pou konpreyansyon w, Bon Lekti…

Youn nan kesyon fondamantal prèske tout moun reponn deja ; se ka te nan lekòl ou, yon ranka, yon reyinyon pou travay oswa sosyal. Men èske w konnen kesyon sa pa reponn sèlman nan bay non w, kote w soti epi laj ou??? Si w te reponn konsa deja, ou te jis imite yon repons ki ase kouran. Men èske w reponn tèt ou kesyon sila a?
Si w fèl deja se byen men si w poko.
Kite m montre w koman pou rive jwenn repons ak sa pandan w ap dekouvri youn nan metòd kap ede w klase vi w epi pèmèt ou gen de reyaksyon pozitif sou avni w demen.
Konnen KIYES OU YE se yon efò konsyan e volontè, pou w fèl sa mande pou w gen yn entansyon ak yn bi. Si w pa janm fèl, sa ap fini pa parèt yon jou ou yn lòt tankou yn fristrasyon ke w abandone ki te nan kè w san w pa knnen. Ou ka chwazi vi w avèk li, inyore l oswa kòmanse konn KIYES OU YE depi jodi a.
1- Aprann konnen Pèsonalite w
Konprann pwòp pèsonalite w se premye kle a. Pou sa w ap bezwen gen opinyon lòt moun de ou e sitou ide w fè de pwòp tèt ou ki pral depann de moman piblik oswa prive.
Objektif lan se konn pèsonalite w, knnen sa w ye ak sa w pa ye. Konprann sak fè w reyaji yon kèlkonk fason fas a tèl sitiyasyon.
Mande tèt ou "Poukisa mwen fè sa? Poukisa se konsa m fè sa? Kiyès ki dèyè etikèt mwen gen pou non an? Ki trè karakteristik mwen? Kiyès mwen ye nan mitan zanmi m? Kiyès mwen ye lè m nan mitan etranje? Ki pèsonalite mwen bay antouraj mwen? Kisa m renmen lè m pase yon bon jounen?Yon move jounen?... " epi eseye reponn.

2-Aprann konnen Valè w
Valè w se yon ansanm ki gen ladan'l tout kòd moral ak prensip ki enpòtan nan vi w. Jeneralman kantite a varye de senk a uit valè diferan e li probab tou pou w gen pi plis toujou.
Valè w ap toujou jwe yon wòl enpòtan nan desizyon w ap pran, enfliyans ou, konviksyon w, fason w rezoud yn konfli, nan kominikasyon ak nan lavi w chak jou.
Nan travay ou, biznis ou, lakay ou, nan tout aspè lavi w, ki valè ke w panse ou pap janm dezonore?
Eske se onètete w? entegrite w? sekirite w oswa fleksibilite w?
Eske se tap nan devouman w pou lot moun? Sajès ak aprantisaj ou? Konfò finansye oswa plezi w?
Eske w tap apresye lwayote w avan ekselans ou? Responsablite w avan lanbisyon w oswa inovasyon w avan amelyorasyon w?

3-Aprann konnen Kò w
A kenzan mwen panse m te konn kò m alòske mwen te apèn ap chanje fizikman. Plis mwen tap aprann de kò'm, se plis li te vinn yon mistè pou mwen e detan mwen tap egzije l se otan plis li tap siprann mwen. Pa w la pa diferan
Nan ki mezi ou konn kò w, respirasyon w, limit ekilib ou ak souplès ou?
Eske sa rive deja pou w di : "Kò m pap ka fè sa?" oubyen "Tip kò m pap pèmèt mwen fè sa?" san ou pa menm eseye tante l menm yn fwa. Avan w kouri bay vag lè knsa, eseye wè sa yon lòt fason.
4-Aprann konnen Rèv ou
Rèv ou ak espwa w ap fini pa louvri sou avni w. Yo la pou ede w konstui vi fyète'w la.
Rèv ou konte. Rèv ou enpòtan. Rèv ou merite pou w pousuiv yo. Pa kwè nan anyen ki mwens.
Epi kòmanse konnen rèv ou byen pandan w ap chèche konn tout ti detay de li.
Egzanp: si w ta vle vinn mizisyen fòk ou an mezi pou w mande tèt ou ki enstriman ke w vle jwe?
Ki nivo kompetans ou vle aprann li? Ki enpak li ap gen sou vi w? E nan konsa wap fini pa konnen tout sa w ta dwe konnen sou rèv ou
Fè rèv ou vinn yon pati nan aktivite w chak jou Bondye mete. Pran yo oserye. Travay sou yo. Glorifye yo olye w'ap kache yo oswa wont de yo.

5-Aprann konnen Sa w Renmen ak Sa w Pa Renmen
Sa w renmen enpòtan e se menm jan pou sa w pa renmen. Yon kesyon semp e inosan, men pou'w reponn li ak pwòp pawòl ou ap mande pou w gen konfyans nan moun ou ye a. Anpil moun pase vi yo nan renmen sa ki popilè pandan yo pa atire ak sa ki pa "cool". Moun sa yo renmen yon bagay jis paske yo tande pale de li oswa yo wè antouraj yo nan yon foli ekstrèm de bagay sa. Pa janm fè sa.
Pran san w pran tan w pou konn sa w renmen ak sa w pa renmen. Paske yon bagay ou renmen se yon bagay ou ka founi yon maksimòm eksplikasyon (admirasyon'w) de li san'w pa nan doute de sa wap di yo ebyen se sa yo ki dwe pèmèt ou renmen'l, se pa dwe ni Jan ni Jàn ki pou sous enspirasyon'w.
Tout otan w ap fristre tèt ou dèyè sa lòt moun renmen pandan wap neglije sa ki rann lajwa nan vi w se plis w ap abandone yon pati de moun ou ye a.
Aprann konnen sa w renmen e sitou sa w pa renmen mande kouraj ak konfyans. Rete fidèl ak yo paske pèsonn lòt moun pap renmen yo pase oumenm.

Kiyes Ou Ye? se tout yon ansanm de prensip epi aksyon w ekspoze a mond eksteryè a.
Ebyen se te senk fason ki ap pèmèt ou fè konesans epi amelyore moun ou ye a.
Eske atik sila a te itil ou? Oumenm ki gen yon ide deja sou sijè a, pataje sa w aprann davantaj ?
Pa neglije kite yon mesaj nan espas kòmantè a epi pataje ak zanmi nou... Mèsi

Randevou Lòt Semèn Pou Yon Nouvo Atik. Se te #5MinitLekti...

Commentaires

  1. Li pranm plus ke 5 min poum lil men sa te vo la pen paske mw jwen leson ladan koz gen bgay mw pat fin konen mw komanse Bro wap tj rete yon Frè pou mw mw ankourage w nan travail wap f a koz lap ede anpil moun

    RépondreSupprimer
  2. Trop génial......💯💯cette lecture m'a fait du bien ah ouais félicitations💯💯💯👌

    RépondreSupprimer
  3. Mw vreman renmen atik la li senp epi konpreyansib mp tann lot la ak enpasyans,bon travay zanmim!!!

    RépondreSupprimer
  4. Ou ka panse se kek ti pawol. Men sa m sot li yo la depase m konplètman...Mèsi anpil m ap tann prochen an

    RépondreSupprimer
  5. Onè respè pou ou kanmarad douvan yon kokenn chenn travay konsa. Mw ankouraje w nan travay la men tou ankouraje w fè plis jefò nan redaksyon an. Kidonk, eseye plis founi je gade sou gramè kreyòl la epi fè kèk lekti nan lang lan pi souvan. Rete anba bonèt Gran Mèt la zanmi m'. M'ap tann lòt atik la

    RépondreSupprimer
  6. Felisitasyon trè bn travay mswetew siksè ke Bondye bòw pi bèl elidé toujou pouw Eden avanse mèsi paskew pran sanw ou pran tanw ou pense a nou mp tann pwochèn atik ln mèsi

    RépondreSupprimer
  7. Kontinye kwè nan tèt ou soti plis atik pou lot moun ka aprann tjr félicitations

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Aprann_De_Ou se yon blòg an kreyòl ki la pou baw yon nouvo aspè de lavi w pandan lap pibliye yon nouvo atik chak semèn. Ou ka toujou pataje lide w ak nou nan espas komantè a, Mèsi...#5MinitLekti #ADO

Atik ki plis li yo

KISAK YON ZANMI?

ESKEW BON MOUN?

ÈSKE W ONÈT ?